Kòm pi gwo gwoup sant pou radyoterapi oz Etazini, 21st Century Oncology ofri swen bon kalite pou moun ki soufri kansè toupatou sou latè. Nou fè sa depi nou te kòmanse sa gen plis pase 30 ane.
21st Century Oncology ap jere apeprè 129 sant radyoterapi oz Etazini ak 36 sant aletranje. Sant sa yo ofri yon sèvis swen bon kalite pou moun malad yon fason ki menm jan pou tout malad. Yo ofri tout yon seri total kapital tretman avanse ak fleksibilite pou sa ki konsène pri san nou pa chanje kalite swen nou ofri.
Nou kreye yon sistèm ki fasil, san traka pou malad aletranje yo ansanm ak doktè yo rive jwenn swen oz Etazini. Nou fyè dèske nou ofri:
Rechèch apwofondi ki la sèlman pou bon tretman ak bon travay lasyans nan yon anviwònman ki akeyan.
Pi bon mwayen sèvi ak dènye teknoloji ki pi avanse
Yon mwayen senp e klè pou moun pran yon randevou avèk kowòdinasyon total lojistik pou pasyan.
Onkològ kad siperyè 21st Century Oncology anplwaye yo, se onkològ yo konnen nan tout peyi a pou bon kalite travay epi pou wòl yo kòm lidè, epi tout doktè yo se doktè sètifye leta rekonèt. Gwo rezo doktè espesyalis nou yo ofri travay rapid nan bay pasyan swen yo bezwen epi yo la pou kominikasyon ant doktè ak doktè. Nou ofri evalyasyon gratis ansanm ak dezyèm opinyon espesyalis pou pasyan yo ak doktè lokal nan 24 èdtan. Ekip lojistik nou yo va travay ak pasyan yo ansanm ak fanmi pasyan yo dekwa pou tranzisyon nan tretman yo ka fèt san traka, san tèt chaje.
Nou asepte pi fò asirans maladi pou tretman, epi nou va fè tout sa nou kapab pou nou travay ak nenpòt lòt asirans. Met sou sa, nou ofri bon pri ak gwo rabè pou pasyan ki pa gen asirans.
Eduardo Fernandez, MD, PhD, FACRO
Radyo-onkològ sètifye
Tricia S. Hart
Concierge Program Coordinator
Phone: (561) 221-8770
Fax: (954) 370-7554
Email: tricia.hart@21co.com